Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
EXODUS
Prev Up Next
Chapter 40
Exod Haitian 40:2  -Sou premye jou premye mwa a, w'a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a.
Exod Haitian 40:3  W'a mete bwat ki gen ròch kontra a ladan l'. y'a kache bwat la ak rido a.
Exod Haitian 40:4  Apre sa, w'a pote tab la vini, w'a pran tout bagay ki pou sèvi ak tab la, w'a ranje yo sou li byen ranje. W'a fè pote lanp sèt branch lan tou, w'a moute ti lanp yo sou li.
Exod Haitian 40:5  W'a pran lòtèl an lò pou boule lansan an, w'a mete l' devan bwat ki gen ròch kontra yo, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre nan tant lan.
Exod Haitian 40:6  W'a pran lòtèl pou boule bèt yo ofri yo, w'a mete l' devan kote pou moun antre nan Tant Randevou a.
Exod Haitian 40:7  W'a mete basen lan nan espas ki ant Tant Randevou a ak lòtèl la. W'a mete dlo ladan l'.
Exod Haitian 40:8  W'a moute galeri a fè wonn tant lan, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre sou galeri a.
Exod Haitian 40:9  W'a pran lwil yo sèvi pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, w'a voye l' sou tant Bondye a, sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa w'a mete tant lan ak tou sa ki ladan li apa pou mwen. y'a tounen bagay ki apa pou mwen nèt.
Exod Haitian 40:10  W'a voye lwil la tou sou lòtèl pou boule ofrann bèt yo, ak sou tout bagay ki sèvi avè l'. Se konsa w'a mete lòtèl la apa pou mwen, l'a pou mwen nèt ale.
Exod Haitian 40:11  W'a voye lwil la tou sou basen lan ak sou pye l' a. Se konsa w'a mete yo apa pou mwen.
Exod Haitian 40:12  Apre sa, w'a fè Arawon ak pitit gason l' yo pwoche bò kote yo antre nan Tant Randevou a. W'a pran dlo, w'a benyen yo byen benyen.
Exod Haitian 40:13  W'a mete rad seremoni yo sou Arawon. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt li. W'a mete l' apa pou mwen pou l' ka sèvi m' prèt.
Exod Haitian 40:14  W'a fè pitit gason l' yo pwoche tou. W'a mete chemiz sou yo.
Exod Haitian 40:15  W'a vide lwil sou yo menm jan ou te vide lwil sou papa yo pou yo ka sèvi m' prèt. Seremoni sa a va mete yo apa pou yo ka toujou sèvi m' prèt, de pitit an pitit.
Exod Haitian 40:16  Moyiz te fè tou sa Seyè a te ba li lòd fè. Wi, li fè tout bagay jan Seyè a te mande l' la.
Exod Haitian 40:17  Sou premye jou premye mwa nan dezyèm lanne a, yo kanpe tant lan.
Exod Haitian 40:18  Moyiz fè kanpe tant lan. Li mete sipò yo nan pozisyon yo, li poze ankadreman yo, li moute trenng yo nan plas yo, li drese poto yo.
Exod Haitian 40:19  Li louvri twal tant lan sou kay la, epi li mete twati tant lan anwo l', jan Seyè a te ba li lòd fè a.
Exod Haitian 40:20  Li pran ròch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la.
Exod Haitian 40:21  Apre sa, li pote Bwat Kontra a andedan kay la, epi li moute rido yo. Se konsa, li kache Bwat Kontra a, jan Seyè a te ba li lòd la.
Exod Haitian 40:22  Li mete tab la nan plas li nan Tant Randevou a, sou bò nò tant lan, pa deyò rido a.
Exod Haitian 40:23  Li ranje pen yo byen ranje sou tab la devan Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la.
Exod Haitian 40:24  Apre sa, Moyiz mete lanp sèt branch lan nan Tant Randevou a, sou bò sid tant lan anfas tab la.
Exod Haitian 40:25  Li ranje ti lanp yo devan Seyè a, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
Exod Haitian 40:26  Li mete lòtèl an lò a nan Tant Randevou a, devan rido a.
Exod Haitian 40:27  Li fè boule lansan santi bon sou li, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.
Exod Haitian 40:28  Li moute rido yo kote pou yo pase antre nan tant lan.
Exod Haitian 40:29  Li mete lòtèl pou boule bèt yo ofri yo devan kote pou yo antre nan Tant Randevou a. Apre sa, li pran bèt yo ofri yo, li touye yo, li boule yo sou lòtèl la ansanm ak lòt ofrann yo, jan Seyè a te ba li lòd fè a.
Exod Haitian 40:30  Li mete basen lan nan espas ki nan mitan Tant Randevou a ak lòtèl la, epi li mete dlo ladan l'.
Exod Haitian 40:31  Moyiz, Arawon ansanm ak pitit Arawon yo lave men yo ak pye yo nan basen lan.
Exod Haitian 40:32  Depi y'ap antre nan Tant Randevou a, depi y'ap pwoche bò lòtèl la, yo te lave men yo ak pye yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a.
Exod Haitian 40:33  Apre sa, li moute galeri a fè wonn tant lan ak lòtèl la, li mete rido kote pou yo pase antre nan tant lan. Se konsa Moyiz te fin fè travay la.
Exod Haitian 40:34  Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan.
Exod Haitian 40:35  Moyiz pa t' kapab antre nan Tant Randevou a, paske nwaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Seyè a te plen tant lan.
Exod Haitian 40:36  Pandan tout tan moun pèp Izrayèl yo t'ap vwayaje a, se sèlman lè nwaj la te leve soti anwo tant lan yo te ka derape.
Exod Haitian 40:37  Men, si nwaj la pa t' leve anwo tant lan, yo pa t' pati. Yo te tann jouk nwaj la te leve.
Exod Haitian 40:38  Lajounen, nwaj Seyè a te rete anwo tant lan, men lannwit, se te yon dife tout pèp Izrayèl la te wè klere nan nwaj la. Se konsa sa te fèt pandan tout vwayaj la.