Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JOB
Prev Up Next
Chapter 15
Job Haitian 15:1  Fwa sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl ankò, li di konsa:
Job Haitian 15:2  -Lè yon moun gen bon konprann, se pa avèk pawòl anlè pou li reponn. Li p'ap chita ap fè jazè.
Job Haitian 15:3  Li p'ap rete ap defann tèt li ak mo ki pa vle di anyen, ak bèl diskou ki pa sèvi anyen.
Job Haitian 15:4  Ou menm menm, ou al pi lwen. Dapre sa ou di la a, moun pa bezwen gen krentif pou Bondye ankò. Pa gen nesesite pou moun lapriyè Bondye.
Job Haitian 15:5  Jan ou pale a, yo wè ou se yon moun ki mechan nan fon kè ou. Ou pale tankou moun k'ap kache yon bagay.
Job Haitian 15:6  Se bouch ou menm k'ap kondannen ou. Se pa mwen. Se pawòl nan bouch ou menm k'ap fini avè ou.
Job Haitian 15:7  Manyè di m' non: Eske se ou menm premye moun Bondye te fè? Eske ou te fèt anvan tout mòn yo?
Job Haitian 15:8  Eske ou te la lè Bondye t'ap fè plan travay li, kifè ou konnen pase tout moun?
Job Haitian 15:9  Kisa ou konnen nou menm nou pa konnen? Kisa ou konprann nou menm nou pa ka konprann?
Job Haitian 15:10  Se nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou.
Job Haitian 15:11  Poukisa ou pa asepte ankourajman Bondye voye ba ou a? Poukisa ou pa koute nou? N'ap pale byen dousman avè ou la a.
Job Haitian 15:12  Men, gade jan ou move! W'ap louvri je ou sou nou!
Job Haitian 15:13  W'ap pase kòlè ou sou Bondye. W'ap plede joure l'.
Job Haitian 15:14  Ki jan ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye? Pou moun ki soti nan vant fanm gen rezon devan Bondye?
Job Haitian 15:15  Ata zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans. Yo menm tou yo pa fin bon nèt nan je l'.
Job Haitian 15:16  Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo!
Job Haitian 15:17  Koulye a, Jòb, koute m'. Kite m' esplike avè ou! Mwen pral di ou sa mwen menm mwen wè.
Job Haitian 15:18  Moun ki gen bon konprann moutre m' anpil verite. Yo pa t' kache m' anyen. Yo menm, se nan bouch granmoun lontan yo te pran l'.
Job Haitian 15:19  Granmoun sa yo t'ap viv nan peyi Bondye te ba yo pou yo menm ase, san ankenn moun lòt nasyon pa t' mele ak yo.
Job Haitian 15:20  Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan.
Job Haitian 15:21  Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo.
Job Haitian 15:22  Yo pa gen espwa chape nan fènwa a, paske manchèt pare ap tann yo.
Job Haitian 15:23  Y'ap kouri adwat agoch, y'ap chache manje. Yo konnen wè pa wè y'ap pran yo.
Job Haitian 15:24  Lanmò fè yo pè. Malè ak lafliksyon ap tonbe sou yo tankou yon wa ki tou pare pou batay.
Job Haitian 15:25  Men sa k'ap tann moun k'ap lonje men nan figi Bondye, moun ki pa pè kenbe tèt ak Bondye.
Job Haitian 15:26  Yo kache dèyè pwotèj anfe yo epi yo fonse sou Bondye.
Job Haitian 15:27  Figi yo gra kou chat. Men gwosè vant yo ak grès!
Job Haitian 15:28  Yo rete nan lavil ki fin kraze, nan kay moun kouri kite, kay ki fin tounen mazi.
Job Haitian 15:29  Yo p'ap janm rich toutan. Sa yo genyen an la pou yon tan. Menm lonbray yo ap disparèt.
Job Haitian 15:30  Yo p'ap ka kouri pou fènwa a. Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l' yo ale.
Job Haitian 15:31  Yo pa bezwen konte sou pozisyon yo. Nou konnen sa p'ap sèvi yo anyen.
Job Haitian 15:32  Anvan yo donnen, branch yo ap fennen. boujon yo p'ap pouse fèy ankò.
Job Haitian 15:33  Y'ap tankou yon pye rezen ki pèdi tout grap rezen vèt yo, tankou yon pye oliv ki pèdi tout flè l'.
Job Haitian 15:34  Wi, mechan yo p'ap gen pitit. Dife ap boule tout kay yo bati ak lajan yo volè.
Job Haitian 15:35  Lè yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe. Se pwòp tèt li l'ap twonpe.