PROVERBS
Chapter 23
Prov | Haitian | 23:5 | Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale. | |
Prov | Haitian | 23:6 | Pa chita pou ou manje sou menm tab ak moun ki tikoulout. Pa pote lanvi sou manje l'ap ofri ou. | |
Prov | Haitian | 23:7 | Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa. | |
Prov | Haitian | 23:9 | Pa chache fè yon moun san konprann konprann anyen. Li p'ap tande anyen nan sa w'ap di l' la. Lèfini, l'ap meprize ou met sou li. | |
Prov | Haitian | 23:10 | Pa janm deplase bòn tè kote yo te ye depi lontan an. Pa antre sou jaden ki pou timoun san papa. | |
Prov | Haitian | 23:12 | Mete tèt ou an plas lè y'ap moutre ou kichòy. Louvri zòrèy ou lè yon moun ki gen konesans ap pale. | |
Prov | Haitian | 23:17 | Pa pote lanvi sou moun k'ap fè sa ki mal. Nan tou sa w'ap fè, toujou gen krentif pou Bondye. | |
Prov | Haitian | 23:19 | Louvri zòrèy ou, gason mwen, pou ou ka gen bon konprann, pou ou ka mache dwat. Kalkile byen kote w'ap mete pye ou, pou ou ka mache dwat. | |
Prov | Haitian | 23:21 | Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè. | |
Prov | Haitian | 23:23 | Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa. | |
Prov | Haitian | 23:24 | Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan. | |
Prov | Haitian | 23:26 | Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv. | |
Prov | Haitian | 23:29 | Ki moun ki nan tèt chaje, ki nan lapenn? Ki moun ki toujou nan kont, ki tou tan ap plenyen? Ki moun k'ap pran kou san rezon, ki gen je yo tou wouj? | |
Prov | Haitian | 23:31 | Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou. | |
Prov | Haitian | 23:32 | Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou. | |
Prov | Haitian | 23:34 | W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon ma batiman. | |