Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 38
Psal Haitian 38:2  Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
Psal Haitian 38:3  Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale.
Psal Haitian 38:4  Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal.
Psal Haitian 38:5  Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen.
Psal Haitian 38:6  Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou.
Psal Haitian 38:7  Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je.
Psal Haitian 38:8  Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m'
Psal Haitian 38:9  Mwen san fòs, tout zo nan kò m' kraze. Kè m' sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri.
Psal Haitian 38:10  Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri.
Psal Haitian 38:11  Kè m' ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m', mwen pa ka louvri yo!
Psal Haitian 38:12  Tout zanmi m', tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m' rete lwen mwen poutèt malenng mwen an.
Psal Haitian 38:13  Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen.
Psal Haitian 38:14  Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudè, mwen pa tande. Mwen tankou yon moun ki bèbè, mwen pa pale.
Psal Haitian 38:15  Wi, mwen pa louvri bouch mwen reponn yo paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y'ap di a.
Psal Haitian 38:16  Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Seyè, Bondye mwen.
Psal Haitian 38:17  Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape.
Psal Haitian 38:18  Mwen prèt pou m' tonbe. Doulè a pi rèd sou mwen.
Psal Haitian 38:19  Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m' sere lè m' wè sa m' fè.
Psal Haitian 38:20  Lènmi m' yo gwonèg, yo anpil. Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wè m'.
Psal Haitian 38:21  Moun sa yo rann mwen mal pou byen, yo leve kont mwen, paske m'ap chache fè byen.
Psal Haitian 38:22  Pa lage m' Seyè! Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè! Prese vin pote m' sekou, Seyè, ou menm ki delivrans mwen.