Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next Toggle notes
Chapter 50
Psal Haitian 50:1  Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.
Psal Haitian 50:2  Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.
Psal Haitian 50:3  Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.
Psal Haitian 50:4  Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a.
Psal Haitian 50:5  Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.
Psal Haitian 50:6  Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!
Psal Haitian 50:7  Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.
Psal Haitian 50:8  Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.
Psal Haitian 50:9  Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.
Psal Haitian 50:10  Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.
Psal Haitian 50:11  Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.
Psal Haitian 50:12  Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.
Psal Haitian 50:13  Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit?
Psal Haitian 50:14  Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.
Psal Haitian 50:15  Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
Psal Haitian 50:16  Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
Psal Haitian 50:17  Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.
Psal Haitian 50:18  Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.
Psal Haitian 50:19  Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.
Psal Haitian 50:20  Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.
Psal Haitian 50:21  Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.
Psal Haitian 50:22  Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.
Psal Haitian 50:23  Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.