Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
MARK
1 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16
Prev Up Next
Chapter 6
Mark Haitian 6:1  Jezi kite kote l' te ye a, li ale nan lavil kote l' te grandi a. Disip li yo te ale avè l' tou.
Mark Haitian 6:2  Lè jou repo a rive, li kòmanse moutre moun ki te nan sinagòg la anpil bagay. Foul moun ki t'ap koute l' yo te sezi anpil, yo t'ap di konsa: -Kote l' jwenn tout bagay sa yo? Kilès ki ba l' konesans sa yo? Kouman li fè fè tout mirak sa yo?
Mark Haitian 6:3  Se pa ti bòs chapant pitit Mari a? Se pa frè Jak, Jòz, Jid ak Simon an? Apa tout sè l' yo la avèk nou? Se sa ki fè li te tounen pou yo yon okazyon tonbe nan peche.
Mark Haitian 6:4  Lè sa a, Jezi di yo: -Yon pwofèt jwenn respè toupatou, esepte nan peyi l', lakay li ak nan fanmi li.
Mark Haitian 6:5  Se konsa li pa t' kapab fè okenn mirak la, esepte pou de ou twa moun malad. Li te mete men sou tèt yo, li geri yo.
Mark Haitian 6:6  Jezi te sezi wè jan yo pa t' kwè nan li. Apre sa, Jezi te mache nan tout ti bouk nan vwazinaj la. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay.
Mark Haitian 6:7  Lè sa a, Jezi rele douz disip li yo, li voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa chase move lespri.
Mark Haitian 6:8  Li pase yo lòd sa a: -Pa pran anyen pou vwayaj la, esepte yon baton. Pa pote ni pen, ni sak. Pa mete lajan nan pòch nou.
Mark Haitian 6:9  Nou mèt mete sapat nan pye nou. Men, pa mete de rad sou nou.
Mark Haitian 6:10  Epi li di yo ankò: -Lè nou rive nan yon lavil, rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati.
Mark Haitian 6:11  Men, si nou rive yon kote nou wè pesonn pa vle resevwa nou, pesonn pa vle koute nou, ale fè wout nou. Souke pousyè pye nou. Konsa, yo p'ap ka di nou pa t' avèti yo.
Mark Haitian 6:12  Douz disip yo pati; y' al mache bay nouvèl la pou tout moun tounen vin jwenn Bondye.
Mark Haitian 6:13  Yo te chase anpil move lespri. Yo te pase lwil sou anpil moun malad, yo te geri yo.
Mark Haitian 6:14  Wa Ewòd te tande pale sou Jezi, paske yo t'ap nonmen non l' toupatou. Gen moun ki t'ap di: -Se Jan Batis ki leve pami mò yo, se poutèt sa li kapab fè tout mirak sa yo.
Mark Haitian 6:15  Gen lòt ki t'ap di tou: -Se Eli. Epi gen lòt ankò ki t'ap di: -Se yon pwofèt tankou ansyen pwofèt yo.
Mark Haitian 6:16  Men, lè Ewòd tande sa, li di konsa: -Se Jan wi. Mwen te fè koupe tèt li. Men, li tounen vivan ankò.
Mark Haitian 6:17  Se Ewòd menm ki te voye arete Jan. Li te fè mete l' nan prizon poutèt Ewodyad. Ewòd te pran Ewodyad, madanm Filip, frè li, pou madanm li.
Mark Haitian 6:18  Se konsa, Jan te di li: -Ou pa gen dwa pran madanm frè ou pou madanm ou.
Mark Haitian 6:19  Ewodyad te kenbe Jan nan kè. Li te vle fè yo touye li.
Mark Haitian 6:20  Men, li pa t' kapab, paske Ewòd pou tèt pa l' te gen yon krentif pou Jan. Li te konnen Jan se yon nonm dwat ki t'ap viv pou Bondye. Se sak fè li te pwoteje li. Li te renmen tande l' pale tou, menm si apre sa kè l' te boulvèse.
Mark Haitian 6:21  Jou Ewodyad t'ap tann lan vin rive. Se te jou fèt Ewòd. Jou sa a, Ewòd te fè yon fèt pou tout zotobre nan gouvènman l' lan, ansanm ak gwo chèf nan lame a ak lòt grannèg nan peyi Galile a.
Mark Haitian 6:22  Pitit fi Ewodyad la antre nan sal resepsyon an: li danse, li danse. Sa te fè Ewòd ak envite l' yo plezi anpil. Wa a di madmwazèl la konsa: -Mande m' nenpòt sa ou vle, m'ap ba ou li.
Mark Haitian 6:23  Ewòd sèmante ba li, li di l' konsa: -Tou sa ou mande, m'ap ba ou li, te mèt mwatye nan peyi m'ap gouvènen an.
Mark Haitian 6:24  Madmwazèl la soti, li al di manman li: -Kisa m' ta mande? Manman an reponn li: -Mande tèt Jan Batis.
Mark Haitian 6:25  Jenn fi a prese tounen kote wa a, li fè l' demann sa a: -Mwen ta vle pou ou ban mwen tèt Jan Batis koulye a, nan yon plato.
Mark Haitian 6:26  Kè wa a kase. Men, li pa t' kapab di li non ankò, akòz gwo sèman li te fin fè devan tout envite yo.
Mark Haitian 6:27  Menm lè a, li voye yon gad avèk lòd pou li al chache tèt Jan Batis pote vini.
Mark Haitian 6:28  Gad la koupe tèt Jan Batis nan prizon an; li pote l' vini nan yon plato. Li bay madmwazèl la tèt la; madmwazèl la menm pote l' bay manman li.
Mark Haitian 6:29  Lè patizan Jan yo tande sa, yo vin pran kò a, yo mete l' nan yon kavo.
Mark Haitian 6:30  Lè apòt yo tounen vin jwenn Jezi, yo rakonte l' tou sa yo te fè ak tou sa yo te di.
Mark Haitian 6:31  Lè sa a, te sitèlman gen moun ki t'ap ale vini, Jezi ak disip li yo pa t' menm gen tan pou yo manje. Se poutèt sa Jezi di disip li yo: -Ann al avè m' yon kote ki pa gen moun pou nou ka pran yon ti repo.
Mark Haitian 6:32  Epi, yo pati pou kont yo nan yon kannòt pou y' ale yon kote ki pa gen moun.
Mark Haitian 6:33  Men, anpil moun te wè lè y' ale, yo te rekonèt yo. Se konsa, yo kouri soti nan tout bouk yo, yo gen tan rive kote Jezi taprale avèk disip li yo anvan li.
Mark Haitian 6:34  Lè Jezi rive pou l' debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.
Mark Haitian 6:35  Lè li te kòmanse fè ta, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: -Li fin ta, wi. Pa gen moun rete bò isit la.
Mark Haitian 6:36  Voye moun yo ale non pou yo ka achte manje nan bouk yo.
Mark Haitian 6:37  Jezi reponn yo: -Poukisa nou pa ba yo manje nou menm pito? Disip yo mande li: -Ou ta vle poun al achte pen pou mil (1.000) goud poun bay tout moun sa yo manje? Jezi reponn yo:
Mark Haitian 6:38  -Konbe pen nou gen la a? Ale wè non. Lè yo fin jwenn konbe pen yo genyen an, yo di l' konsa: -Nou gen senk pen ak de pwason.
Mark Haitian 6:39  Lè sa a, Jezi pase lòd pou disip li yo fè tout moun chita atè sou zèb la, ti gwoup bò isit, ti gwoup bò la.
Mark Haitian 6:40  Moun yo menm chita pa ranje san moun, ranje senkant moun.
Mark Haitian 6:41  Apre sa, Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo pou yo mache bay moun yo. Li fè menm bagay ak de pwason yo.
Mark Haitian 6:43  Disip yo ranmase tout ti moso pen yo ansanm ak rès pwason yo. Yo plen douz panyen pote ale.
Mark Haitian 6:44  Te gen senkmil (5.000) moun antou ki te jwenn pen pou yo manje.
Mark Haitian 6:45  Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan yon kannòt, li voye yo devan lòt bò lanmè a, nan direksyon Betsayda. Jezi menm te rete dèyè pou l' voye foul moun yo ale.
Mark Haitian 6:46  Apre li fin ranvwaye yo, li al lapriyè sou yon ti mòn.
Mark Haitian 6:47  Lè solèy fin kouche, kannòt la te nan mitan lanmè a toujou. Jezi te pou kont li atè.
Mark Haitian 6:48  Li wè disip yo te gen anpil traka pou yo naje zaviwon yo, paske van an te kontrè pou yo. Vè twazè nan maten, Jezi pran mache sou dlo lanmè a pou li al jwenn disip yo. Li te prèt pou depase yo.
Mark Haitian 6:49  Lè yo wè l' ap mache sou dlo a, yo te kwè se te yon revenan. Yo pran rele.
Mark Haitian 6:50  Yo tout yo te wè li, yo tout te pè. Menm lè a, Jezi pale avèk yo, li di yo konsa: -Pran tèt nou non. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
Mark Haitian 6:51  Li moute bò kote yo nan kannòt la, van an vin tonbe. Se pa ti sezi disip yo te sezi.
Mark Haitian 6:52  Yo pa t' konprann sans mirak pen an, paske lespri yo te bouche toujou.
Mark Haitian 6:53  Yo fin travèse lanmè a, yo fè tè toupre lavil Jenezarèt. Yo mare kannòt la atè.
Mark Haitian 6:54  Kou yo soti nan kannòt la, lamenm moun yo rekonèt Jezi.
Mark Haitian 6:55  Pèp la kouri nan tout peyi a; yo pote malad yo tou kouche sou nat ba li kote yo tande li te ye a.
Mark Haitian 6:56  Toupatou kote Jezi te rive, kit nan bouk, kit nan lavil ou andeyò, yo te mete malad yo sou plas piblik, yo te mande Jezi pou l' te kite yo manyen bò rad li ase. Tout moun ki te manyen rad li te geri.