Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JOHN
1 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21
Prev Up Next
Chapter 4
John Haitian 4:1  Farizyen yo tande Jezi t'ap fè plis patizan pase Jan, li t'ap batize plis moun pase l' tou.
John Haitian 4:2  (Men, pou di vre, Jezi pa t' janm batize pesonn. Se disip li yo ki t'ap batize.)
John Haitian 4:3  Lè Jezi vin konn sa, li kite peyi Jide, li tounen nan peyi Galile.
John Haitian 4:4  Sou wout la, fòk li te pase nan mitan peyi Samari.
John Haitian 4:5  Li rive nan yon bouk Samari yo rele Sika, toupre moso tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l' lan.
John Haitian 4:6  Se la pi Jakòb la te ye. Jezi menm te bouke, vwayaj la te fatige l' anpil. Li chita sou rebò pi a. Li te bò midi konsa.
John Haitian 4:7  Yon fanm peyi Samari vin pou tire dlo. Jezi di l' konsa: Tanpri, ban m' ti gout dlo pou m' bwè.
John Haitian 4:9  Fanm Samari a di Jezi konsa: Kouman? Se pa jwif ou ye? Ki jan ou fè mande m' dlo pou ou bwè, mwen menm ki moun Samari? (Paske, jwif yo pa t' gen rapò ak moun Samari.)
John Haitian 4:10  Jezi reponn li: Si ou te konnen sa Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo pou bwè a, se ou menm ki ta mande l' ba ou ti gout dlo bwè. Lè sa a, li ta ka ba ou nan dlo ki bay lavi a.
John Haitian 4:11  Fanm lan di li: Msye, ou pa gen veso pou tire dlo. Epitou, pi a fon anpil. Ki bò pou ou ta jwenn dlo ki bay lavi sa a?
John Haitian 4:12  Se Jakòb, zansèt nou, ki te ban nou pi sa a. Li te bwè ladan li. Tout pitit li yo ansanm ak tout bèt li yo, se la yo te bwè tou. Koulye a, ou prèt pou di m' ou pi gran pase Jakòb?
John Haitian 4:13  Jezi reponn li: Tout moun ki bwè dlo sa a gen pou l' swaf dlo ankò.
John Haitian 4:14  Men, moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an.
John Haitian 4:15  Fanm lan di l': Tanpri, msye, ban m' ti gout nan dlo sa a non pou m' bwè, konsa mwen p'ap janm anvi bwè dlo ankò, mwen p'ap bezwen tounen isit la vin tire dlo.
John Haitian 4:16  Jezi di l' konsa: Ale rele mari ou. Apre sa, tounen vin jwenn mwen isit la.
John Haitian 4:17  Fanmi lan reponn: Mwen pa gen mari. Jezi di l' konsa: Ou gen rezon di ou pa gen mari.
John Haitian 4:18  Paske, ou pase senk mari deja. Epi nonm k'ap viv avè ou koulye a, se pa mari ou li ye. Ou pa ban m' manti.
John Haitian 4:19  Lè sa a, fanm lan di l': Gen lè ou se yon pwofèt, msye?
John Haitian 4:20  Zansèt nou yo nan peyi Samari te sèvi Bondye sou mòn sa a. Men nou menm jwif, nou di: Sèl kote pou moun sèvi Bondye, se lavil Jerizalèm.
John Haitian 4:21  Jezi reponn li: Madanm, ou mèt kwè mwen. Lè a pral rive, se pa ni sou mòn sa a, ni lavil Jerizalèm pou n' sèvi Papa a.
John Haitian 4:22  Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap soti.
John Haitian 4:23  Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li.
John Haitian 4:24  Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k'ap sèvi l', se pou yo sèvi l' nan lespri yo jan sa dwe fèt la.
John Haitian 4:25  Fanm lan di li: Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, gen pou l' vini tou. Lè la vini, la esplike nou tout bagay sa yo.
John Haitian 4:26  Jezi reponn li: Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen se Kris la.
John Haitian 4:27  Lè sa a, disip Jezi yo vin rive. Yo te sezi wè l' ap pale ak yon fanm. Men, yo yonn pa mande l': Kisa ou gen avèk li? Osinon: Poukisa w'ap pale avè li?
John Haitian 4:28  Fanm lan menm kite krich dlo a la, li tounen li al lavil la. Li di moun yo:
John Haitian 4:29  Vini wè yon nonm ki di m' tou sa m' fè. Eske nou pa kwè se Kris la?
John Haitian 4:31  Disip yo menm, bò pa yo, t'ap mande Jezi pou l' manje. Yo t'ap di l': Tanpri, Mèt, manje kichòy non!
John Haitian 4:32  Men, li reponn yo: Mwen gen pou m' manje yon manje nou pa konnen.
John Haitian 4:33  Lè sa a, disip yo yonn pran mande lòt: Gen lè yon moun pote manje ba li.
John Haitian 4:34  Jezi di yo: Manje pa m', se fè volonte moun ki voye m' lan; se pou m' fin fè travay li ban m' fè a.
John Haitian 4:35  Nou menm, nou di: Nan kat mwa ankò nou pral fè rekòt. Mwen menm, mwen di nou: Gade jaden yo byen. Grenn yo fin mi, yo tou bon pou ranmase.
John Haitian 4:36  Yo gen tan peye moun k'ap ranmase rekòt la, l'ap anpile grenn yo pou lavi ki p'ap janm fini an. Se konsa, moun k'ap simen an kontan; moun k'ap ranmase a kontan tou ansanm avèk li.
John Haitian 4:37  Sa pawòl la di a, se vre wi: Moun ki simen an, se pa li ki ranmase.
John Haitian 4:38  Mwen voye nou ranmase nan yon jaden nou pa t' travay. Se lòt moun ki te travay li. Men, se nou menm k'ap pwofite travay yo.
John Haitian 4:39  Anpil moun Samari ki te rete nan Sika te kwè nan Jezi poutèt sa madanm lan te di yo: Li di m' tou sa m' fè.
John Haitian 4:40  Se konsa, lè yo rive bò kote li, yo mande l' pou l' rete avèk yo. Jezi pase de jou nan lavil la.
John Haitian 4:41  Te gen anpil lòt moun ankò ki te kwè nan li, poutèt sa Jezi menm t'ap di yo.
John Haitian 4:42  Yo di fanm lan konsa: Koulye a nou kwè, se pa sèlman poutèt sa ou rakonte nou an, men tou paske nou tande l' nou menm ak de zòrèy nou. Nou konnen se li menm vre ki vin delivre moun sou latè.
John Haitian 4:43  Lè Jezi fin pase de jou sa yo la, li pati, li ale nan peyi Galile.
John Haitian 4:44  Paske, se Jezi menm ki te di: Yo pa janm respekte yon pwofèt nan peyi kote l' soti.
John Haitian 4:45  Lè li rive nan Galile, moun Galile yo te byen resevwa l', paske yo menm tou yo te al lavil Jerizalèm pou fèt Delivrans lan, yo te wè tou sa li te fè lè sa a.
John Haitian 4:46  Apre sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fè dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonè leta ki te gen yon pitit gason l' ki te malad nan yon lòt lavil yo rele Kapènawòm.
John Haitian 4:47  Lè li vin konnen Jezi te soti peyi Jide vin nan peyi Galile, li al jwenn li, li mande l' pou li al Kapènawòm geri pitit li a ki te prèt pou mouri.
John Haitian 4:48  Jezi di l' konsa: Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè.
John Haitian 4:49  Fonksyonè a reponn li: Mèt, vin avè m' non, anvan pitit mwen an gen tan mouri.
John Haitian 4:50  Jezi di li: Ou mèt al lakay ou. Pitit ou a p'ap mouri. Nonm lan kwè sa Jezi te di l' la, li ale.
John Haitian 4:51  Li te sou wout lakay li toujou lè domestik li yo vin jwenn li avèk nouvèl sa a: Pitit ou a pa mouri.
John Haitian 4:52  Li mande yo: Kilè ti gason an refè? Yo reponn li: Yè apremidi, bò enè konsa, lafyèb la tonbe.
John Haitian 4:53  Papa a vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l': Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi.
John Haitian 4:54  Sa te fè dezyèm mirak Jezi te fè lè l' tounen soti Jide vini nan peyi Galile.