Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JOB
Prev Up Next Toggle notes
Chapter 31
Job Haitian 31:1  Mwen te fè sèman pou m' pa janm gade yon jenn fi avèk move lide.
Job Haitian 31:2  Kisa Bondye ki anwo a ap fè nou konsa? Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a sere pou nou?
Job Haitian 31:3  Li voye malè pou moun ki pa mache dwat. Li voye tribilasyon pou moun k'ap fè mechanste.
Job Haitian 31:4  Eske Bondye pa konnen tou sa n'ap fè? Eske li pa wè tout vire tounen m'?
Job Haitian 31:5  Eske mwen janm nan bay manti? Eske mwen janm chache twonpe moun?
Job Haitian 31:6  Se pou Bondye peze m' nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m' toujou mache dwat.
Job Haitian 31:7  Si mwen janm pran chemen kwochi pou mwen, si mwen te kite lanvi anvayi kè m', si mwen janm mete men m' nan sa ki mal,
Job Haitian 31:8  se pou lòt moun rekòlte sa mwen plante. Se pou yo rache tout ti plant k'ap pouse nan jaden m'.
Job Haitian 31:9  Si mwen te kite yon lòt fanm pran tèt mwen, pou m' al kache devan pòt yon frè mwen ap veye,
Job Haitian 31:10  se pou madanm mwen fè manje pou yon lòt gason. Se pou lòt gason kouche avè l'.
Job Haitian 31:11  Se yon gwo bagay sal mwen ta fè la a. Se bagay pou yo ta touye m'.
Job Haitian 31:12  Se ta tankou yon gwo dife mwen limen pou fini avè m' nèt. Li ta boule dènye sa m' genyen.
Job Haitian 31:13  Lè domestik mwen osinon sèvant mwen gen kont avè m', si mwen ta refize mete rezon an kote l' ye a,
Job Haitian 31:14  kisa mwen ta fè, lè Bondye parèt devan m'? Lè l'a mande m' kont, kisa m'a reponn li?
Job Haitian 31:15  Menm Bondye ki fè m' nan vant manman m' lan, se li menm tou ki fè yo nan vant manman pa yo. Se li menm ki kreye nou tout.
Job Haitian 31:16  Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite.
Job Haitian 31:17  Mwen pa janm kite timoun san papa yo rete grangou pou m'ap manje manje m' pou kont mwen.
Job Haitian 31:18  Okontrè, depi m' fèt, m' sèvi ak timoun sa yo tankou papa ak pitit. Depi m' soti nan vant manman m', m'ap pran swen vèv yo.
Job Haitian 31:19  Lè m' jwenn yon malere toutouni osinon yon pòv endijan san yon bout dra,
Job Haitian 31:20  mwen ba yo rad pou mete sou yo, mwen pran lenn sou do mouton m' pou m' ba yo chofe.
Job Haitian 31:21  Si m' te janm aji mal ak yon timoun san papa paske mwen konnen y'a toujou ban m' rezon nan tribinal,
Job Haitian 31:22  enben, se pou zepòl mwen dejwente, se pou de bra m' kase.
Job Haitian 31:23  Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'.
Job Haitian 31:24  Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'.
Job Haitian 31:25  Mwen pa janm vante tèt mwen dèske mwen gen anpil byen, dèske mwen fè anpil lajan ak men mwen.
Job Haitian 31:26  Mwen pa janm adore solèy ak lalin lè yo klere byen bèl nan syèl la.
Job Haitian 31:27  Mwen pa janm pèdi tèt mwen pou m' sèvi yo an kachèt.
Job Haitian 31:28  Sa a tou, yo ta mèt touye m' si m' ta fè l', paske mwen ta nye Bondye ki gen tout pouvwa a.
Job Haitian 31:29  Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo.
Job Haitian 31:30  Mwen pa janm kite bouch mwen chape pou m' ta ba yo madichon, pou m' ta rive mande lanmò pou yo.
Job Haitian 31:31  Tout moun k'ap viv nan kay avè m' konnen mwen toujou byen resevwa tout moun lakay mwen.
Job Haitian 31:32  Vwayajè pa janm dòmi deyò nan lari. Pòt kay mwen toujou louvri pou yo.
Job Haitian 31:33  Mwen pa janm kache peche m' pou pesonn. Ni mwen pa janm fè sa ki mal an kachèt.
Job Haitian 31:34  Mwen pa janm pè sa moun ap di. Mwen pa janm pè louvri bouch mwen ni pè mete pwent tèt mwen deyò, paske mwen ta pè pou moun pa lonje dwèt sou mwen.
Job Haitian 31:35  Pa gen pesonn pou koute sa m'ap di la a? Mwen fin di sa pou m' di a. Koulye a, se Bondye ki pou reponn mwen. Si moun ki pa vle wè m' lan ta voye papye nan tribinal pou mwen,
Job Haitian 31:36  mwen ta pote papye sa a sou zepòl mwen san ankenn wont. Mwen ta mare l' sou tèt mwen, tankou yon kouwòn.
Job Haitian 31:37  Mwen ta di Bondye dènye sa mwen fè. Mwen ta kenbe tèt mwen dwat devan l'.
Job Haitian 31:38  Si se vòlò mwen te vòlò tè m'ap travay la kifè koulye a tè a ap mande m' kont,
Job Haitian 31:39  si mwen te manje rekòt jaden an san peye travayè yo kifè koulye a y'ap pote plent pou mwen,
Job Haitian 31:40  enben, se pikan ak chadwon ki pou leve nan jaden m' kote ble ak lòj te konn pouse. Se konsa Jòb te fin pale.