Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JOB
Prev Up Next
Chapter 38
Job Haitian 38:1  Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa:
Job Haitian 38:2  -Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen?
Job Haitian 38:3  Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen.
Job Haitian 38:4  Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay!
Job Haitian 38:5  Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l'? Eske ou konn sa?
Job Haitian 38:6  Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l' la?
Job Haitian 38:7  Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo.
Job Haitian 38:8  Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a?
Job Haitian 38:9  Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l' nan gwo nwaj nwa yo,
Job Haitian 38:10  mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li.
Job Haitian 38:11  Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo.
Job Haitian 38:12  Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase?
Job Haitian 38:13  Eske ou janm bay devanjou l' lòd pou l' klere sou tout latè, l' pou l' fè mechan yo soti nan twou yo?
Job Haitian 38:14  Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li.
Job Haitian 38:15  Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a.
Job Haitian 38:16  Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a?
Job Haitian 38:17  Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an?
Job Haitian 38:18  Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen!
Job Haitian 38:19  Eske ou konnen ki bò limyè soti, ki bò fènwa rete,
Job Haitian 38:20  pou ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale, osinon pou ou voye yo tounen lakay yo?
Job Haitian 38:21  Si ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t'ap kreye yo a. Ou pa manke gen laj sou tèt ou!
Job Haitian 38:22  Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la?
Job Haitian 38:23  Ou konnen depo kote m' sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt?
Job Haitian 38:24  Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l' soufle sou latè?
Job Haitian 38:25  Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la,
Job Haitian 38:27  pou wouze tè sèk k'ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann?
Job Haitian 38:29  Ki bò moso glas yo soti? Lagrèl ki soti nan syèl la, ki moun ki manman l'?
Job Haitian 38:30  Se yo menm ki fè dlo vin di kou wòch, ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch?
Job Haitian 38:31  Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm?
Job Haitian 38:32  Ou ka mennen zetwal yo soti lè lè yo rive? Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran?
Job Haitian 38:33  Ou konnen lwa k'ap gouvènen tout bagay nan syèl la? Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k'ap pase sou latè?
Job Haitian 38:34  Eske ou ka bay nwaj yo lòd pou yo voye gwo lapli sou ou?
Job Haitian 38:35  Si ou bay zèklè yo lòd pou yo pati, èske y'ap reponn ou: Wi, men nou?
Job Haitian 38:36  Ki moun ki penmèt krabye konprann lè pou li anonse dlo pral desann fè inondasyon? Ki moun ki fè gwo zwezo sa a konnen lè lapli pral tonbe?
Job Haitian 38:37  Ki moun ki ka konte kantite nwaj ki genyen, san manke yonn? Ki moun ki ka panche yo pou vide dlo lapli,
Job Haitian 38:38  pou pousyè tè a tounen labou, pou boul tè yo kole ansanm?
Job Haitian 38:39  Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo,
Job Haitian 38:40  kote yo kache nan twou yo a, osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a?
Job Haitian 38:41  Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m' pou m' ba yo manje?