Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
LUKE
Prev Up Next
Chapter 23
Luke Haitian 23:1  Tout bann moun yo leve, yo mennen Jezi devan Pilat.
Luke Haitian 23:2  Rive la, yo pran depoze plent sou do l', yo di konsa: Nou jwenn nonm sa a ap moute tèt pèt la. L'ap di yo pou yo pa peye Seza lajan taks yo. Li menm rive pretann se Kris la li ye, yon wa.
Luke Haitian 23:3  Pilat mande li: Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li.
Luke Haitian 23:4  Pilat di chèf prèt yo ak foul moun yo: Mwen pa wè ankenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.
Luke Haitian 23:5  Men, yo kenbe la avè l', yo di: L'ap moute tèt pèp la ak pawòl l'ap di yo. Li kòmanse travay sa a depi nan peyi Galilye, li pase nan tout peyi Jide a, li rive jouk isit la.
Luke Haitian 23:6  Lè Pilat tande sa, li mande yo si Jezi se moun Galile.
Luke Haitian 23:7  Aprann Pilat aprann Jezi te soti nan rejyon ki te sou kòmandman Ewòd la, li voye Jezi bay Ewòd ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm lè sa a.
Luke Haitian 23:8  Ewòd pa t' manke kontan lè li wè Jezi. Depi lontan li te konn tande pale sou li, li te anvi kontre avè l'. Li te kwè li tapral wè Jezi fè kèk mirak.
Luke Haitian 23:9  Li poze l' anpil keksyon, men Jezi pa reponn li anyen.
Luke Haitian 23:10  Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te la. Yo t'ap depoze anpil gwo plent kont Jezi.
Luke Haitian 23:11  Ewòd menm ansanm ak tout gad li yo t'ap pase Jezi nan rizib. Yo mete l' nan yon wonn tenten. Yo mete yon bèl rad sou li; epi yo voye l' tounen bay Pilat.
Luke Haitian 23:12  Pilat ak Ewòd te lènmi anvan sa. Menm jou sa a yo vin zanmi.
Luke Haitian 23:13  Pilat sanble chèf prèt yo, tout otorite yo ansanm ak pèp la.
Luke Haitian 23:14  Li di yo: Nou mennen nonm sa a ban mwen. Nou fè m' konprann l'ap moute tèt pèp la. Mwen menm, mwen poze l' keksyon devan nou, mwen pa janm jwenn li koupab. Li pa fè ankenn nan move zak n'ap plede di l' fè yo.
Luke Haitian 23:15  Ewòd pa jwenn li koupab non plis. Men li voye l' tounen ban mwen. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò.
Luke Haitian 23:16  Mwen pral fè yo bat li byen bat, apre sa m'a lage li.
Luke Haitian 23:17  Pou chak fèt Delivrans, Pilat te blije lage yon prizonye ba yo.
Luke Haitian 23:18  Yo tout pran rele ansanm: Touye nonm sa a, lage Barabas ban nou.
Luke Haitian 23:19  Barabas sa a, se te yon nonm ki te nan prizon poutèt lèzam li te pran kont gouvènman an epi pou yon moun li te touye nan lavil la.
Luke Haitian 23:20  Pilat menm te vle lage Jezi. Li pale ak foul moun yo ankò.
Luke Haitian 23:21  Men yo rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa!
Luke Haitian 23:22  Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo: Manyè di m' ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li?
Luke Haitian 23:23  Men, yo pran rele pi fò, yo pèsiste ap mande pou yo kloure Jezi sou yon kwa. Yo sitèlman rele, Pilat ba yo gany.
Luke Haitian 23:24  Se konsa Pilat pran desizyon pou l' ba yo sa yo te mande a.
Luke Haitian 23:25  Li lage moun pèp la te vle a, nonm ki te nan prizon pou konplo ak krim lan. Epi Pilat renmèt yo Jezi pou yo te fè li sa yo te vle a.
Luke Haitian 23:26  Antan sòlda yo t'ap mennen Jezi ale, yo kontre Simon, yon moun peyi Sirèn. Li te soti nan jaden. Yo pran msye, yo chaje l' anba kwa a pou l' pote li dèyè Jezi.
Luke Haitian 23:27  Yon bann moun nan pèp la t'ap swiv Jezi. Te gen kèk fanm la tou ki t'ap kriye, ki t'ap plenn sò li.
Luke Haitian 23:28  Jezi vire gade yo, li di yo konsa: Nou menm, medam lavil Jerizalèm, pa kriye pou mwen tande; kriye pou tèt pa nou ak tout pitit nou yo.
Luke Haitian 23:29  Gen jou k'ap vin dèyè; lè sa a y'a di: benediksyon pou fanm ki pa kapab fè pitit, pou fanm ki pa t' janm fè pitit, pou fanm ki pa janm bay pitit tete.
Luke Haitian 23:30  Lè sa a, tout moun va di mòn yo: Tonbe sou nou! Y'a mande mòn yo: Kouvri nou!
Luke Haitian 23:31  Paske, si se sa yo fè bwa vèt la, kisa yo p'ap fè bwa chèch la?
Luke Haitian 23:32  Yo mennen de lòt moun, de krimenèl pou yo touye ansanm ak Jezi.
Luke Haitian 23:33  Lè yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de krimenèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li.
Luke Haitian 23:34  Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.
Luke Haitian 23:35  Pèp la te kanpe la ap gade. Chèf yo t'ap pase Jezi nan rizib, yo t'ap di: Gade! Li sove lòt moun; si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l' sove tèt pa l' tou.
Luke Haitian 23:36  Sòlda yo t'ap pase l' nan betiz tou. Yo pwoche bò kote l', yo ba l' venèg pou l' bwè,
Luke Haitian 23:37  epi yo di li: Si ou se wa jwif yo, se pou ou sove tèt ou ou menm!
Luke Haitian 23:38  Men sak te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye.
Luke Haitian 23:39  Yonn nan krimenèl yo te kloure sou kwa yo t'ap joure li. Li t'ap di li: Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou.
Luke Haitian 23:40  Men lòt la reprann li, li di li: Gen lè ou pa pè Bondye, ou menm ki anba menm kondannasyon avèk li a?
Luke Haitian 23:41  Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen.
Luke Haitian 23:42  Epi li di Jezi: Chonje m' wi lè wa vin pran gouvènman an nan men ou!
Luke Haitian 23:43  Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m' nan paradi.
Luke Haitian 23:44  Li te midi konsa lè solèy la sispann klere sou tout peyi a jouk vè twazè nan apremidi.
Luke Haitian 23:46  Jezi rele byen fò, li di: Papa, m' ap renmèt lespri mwen nan men ou. Apre l' fin di pawòl sa yo, li mouri.
Luke Haitian 23:47  Lè kaptenn lame a wè sak te rive, li fè lwanj Bondye, epi li di: Se vre wi. Nonm sa a te inonsan.
Luke Haitian 23:48  Tout moun ki te vini an foul pou asiste espektak sa a te wè sak te rive. Yo tounen al lakay yo, yo t'ap bat lestonmak yo.
Luke Haitian 23:49  Tout zanmi Jezi yo te rete yon ti jan lwen ansanm ak fanm ki t'ap mache avè l' yo depi nan peyi Galile. Yo tout t'ap gade sak t'ap pase.
Luke Haitian 23:50  Te gen yon jwif ki te rele Jozèf, moun lavil Arimate. Se te yon bon gason ki te mache dwat devan Bondye.
Luke Haitian 23:51  Li t'ap tann kilè Bondye t'ap vin pran pouvwa a nan men li. Li te fè pati Gran Konsèy jwif yo, men li pa t' dakò ak sa lòt yo te fè ni ak sa yo te deside.
Luke Haitian 23:53  Apre sa, li al desann kò a sou kwa a, li vlope l' nan yon bèl dra blan, epi li mete l' nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Se te yon kavo tou nèf: yo pa t' ankò janm mete pesonn ladan li.
Luke Haitian 23:55  Medam ki t'ap mache avèk Jezi depi nan peyi Galile yo te ale ansanm ak Jozèf. Yo wè kavo a, yo wè ki jan yo te mete kò Jezi ladan li.
Luke Haitian 23:56  Apre sa, yo tounen lakay yo, y' al pare lwil santi bon ak odè pou benyen kò a. Men, jou repo a yo pa t' fè anyen, jan lalwa Moyiz te vle l' la.