Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 109
Psal Haitian 109:1  Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, m'ap fè lwanj ou! Tanpri, pa rete san ou pa di anyen.
Psal Haitian 109:2  Yon bann mechan ak yon bann mantò ap pale m' mal. Y'ap fè manti sou mwen.
Psal Haitian 109:3  Kote m' pase, moun ki rayi m' yo ap pale m' mal. Y'ap fè m' lagè san mwen pa fè yo anyen.
Psal Haitian 109:4  Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m'. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou.
Psal Haitian 109:5  M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m' mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m'.
Psal Haitian 109:6  Pran yon mechan, mete l' chèf sou lènmi m' lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li.
Psal Haitian 109:7  Lè yo jije l', se pou yo jwenn li koupab. Menm lapriyè l'ap fè yo, se pou yo pase pou peche.
Psal Haitian 109:8  Se pou l' pa gen anpil jou pou l' viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li.
Psal Haitian 109:9  Se pou pitit li yo rete san papa. Se pou madanm li vin vèv.
Psal Haitian 109:10  Se pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a.
Psal Haitian 109:11  Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li.
Psal Haitian 109:12  Se pou pesonn pa zanmi l' ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite.
Psal Haitian 109:13  Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li.
Psal Haitian 109:14  Se pou Seyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal, pou l' pa janm padonnen peche manman l' yo.
Psal Haitian 109:15  Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè,
Psal Haitian 109:16  paske li pa janm chonje gen pitye pou pesonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo.
Psal Haitian 109:17  Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon.
Psal Haitian 109:18  Tout kò l' se madichon! Se pou madichon pase l' nan san. Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l'.
Psal Haitian 109:19  Se pou madichon kouvri l' tankou dra. Se pou madichon mare nan ren l' tankou yon sentiwon.
Psal Haitian 109:20  Se konsa pou Seyè a pini moun ki pa vle wè m' yo, moun k'ap pale m' mal yo.
Psal Haitian 109:21  Men, Seyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m' non paske ou p'ap janm sispann renmen m'.
Psal Haitian 109:22  Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m' ap fann.
Psal Haitian 109:23  Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale.
Psal Haitian 109:24  Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!
Psal Haitian 109:25  Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib.
Psal Haitian 109:26  Ede m' non, Seyè, Bondye mwen! Delivre m' paske ou gen bon kè.
Psal Haitian 109:27  Se pou lènmi m' yo konnen se ou menm, Seyè, k'ap delivre m'.
Psal Haitian 109:28  Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan.
Psal Haitian 109:29  Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo.
Psal Haitian 109:30  M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m' di Seyè a mèsi. M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini,
Psal Haitian 109:31  paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo.