Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JEREMIAH
Prev Up Next
Chapter 51
Jere Haitian 51:1  Seyè a di konsa: -Mwen pral fè yon gwo van soufle sou lavil Babilòn pou detwi l' ansanm ak tout moun li yo.
Jere Haitian 51:2  Wi, m'ap voye etranje nan peyi a. Y'ap gaye l' tankou van k'ap bwote pay chèch, y'ap ravaje peyi a. Lè jou malè sa a va rive, y'ap soti toupatou vin tonbe sou li.
Jere Haitian 51:3  Pa bay sòlda yo chans pou yo tire banza yo, ni pou yo mete rad batay yo sou yo. Pa kite jenn gason yo chape. Touye tout lame a pou Bondye.
Jere Haitian 51:4  Nan tout peyi Babilòn lan moun ap tonbe mouri. Nan tout lari flèch ap pèse yo pak an pak.
Jere Haitian 51:5  Paske mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye moun peyi Izrayèl ak moun peyi Jida yo, mwen pa lage yo, atout yo koupab devan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Jere Haitian 51:6  Kouri kite lavil Babilòn! Kouri chape kò nou. Pa kite yo touye nou pou mechanste moun pa li yo. Lè a rive pou m' tire revanj mwen. M'ap pini l' pou sa li fè m' lan.
Jere Haitian 51:7  Babilòn te tankou yon gode fèt an lò nan men mwen. Li t'ap fè tout nasyon sou latè sou. Yo bwè nan diven l' lan, y'ap depale.
Jere Haitian 51:8  Men Babilòn rete konsa li tonbe, li kraze. Plenn sò li! Chache renmèd pou doulè l' yo. Nou pa janm konnen, li ka geri.
Jere Haitian 51:9  Etranje k'ap viv nan peyi a di konsa: Nou fè sa nou kapab pou n' geri Babilòn. Pa gen gerizon pou li. Annou kite peyi a. Ann ale, chak moun nan peyi pa yo, paske peche l' yo fè pil rive jouk nan syèl, yo pi wo pase nwaj yo.
Jere Haitian 51:10  Pèp Izrayèl la di: Seyè a fè wè kòz nou an bon, li ban nou jistis. Ann al rakonte moun lavil Jerizalèm yo sa Seyè a, Bondye nou an, fè.
Jere Haitian 51:11  Bondye moute tèt tout wa peyi Medi yo, li fè yon plan pou l' detwi Babilòn. Se konsa l'ap tire revanj li pou detwi yo menm jan yo te detwi tanp li an. Fè pwent flèch yo byen pwenti! Plen sak yo flèch!
Jere Haitian 51:12  Leve drapo a! Bay siyal pou yo atake miray Babilòn yo! Double faksyonnè yo! Mete sòlda ap veye. Pare anbiskad pou yo. Seyè a fè plan li, li fè sa li te di l'ap fè moun Babilòn yo.
Jere Haitian 51:13  Nou menm ki rete nan peyi ki gen anpil rivyè a, nou menm ki gen anpil richès, men nou rive mezi bout nou! Nou fè kont nou koulye a.
Jere Haitian 51:14  Seyè ki gen tout pouvwa a fè sèman sou tèt li: li pral mennen anpil moun vin atake Babilòn, y'ap tankou yon bann krikèt. Yo pral rele, yo pral chante dèske yo kraze ou.
Jere Haitian 51:15  Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè.
Jere Haitian 51:16  Li pase lòd, epi dlo ki anwo syèl la pran gwonde. Li fè gwo nwaj yo moute soti toupatou. Li fè zèklè yo klere pou fè lapli vini. Li fè van yo soti kote li te sere yo.
Jere Haitian 51:17  Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye, yo pa gen lavi nan yo.
Jere Haitian 51:18  Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.
Jere Haitian 51:19  Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'.
Jere Haitian 51:20  Seyè a di ankò: -Babilòn, ou te yon gwo mato nan men mwen, yon zam pou m' fè lagè. Se avè ou mwen te kraze nasyon yo. Se avè ou mwen te kraze peyi wa yo.
Jere Haitian 51:21  Se avè ou mwen te kraze chwal yo ak tout kavalye yo. Se avè ou mwen te kraze cha lagè yo ak tout moun ki t'ap mennen yo.
Jere Haitian 51:22  Se avè ou mwen te kraze fanm kou gason, granmoun kou timoun, jenn gason kou jenn fi.
Jere Haitian 51:23  Se avè ou mwen te touye bann mouton yo ak tout gadò yo. Se avè ou mwen te kraze kiltivatè yo ansanm ak tout chwal pou raboure latè. Se avè ou mwen te kraze tout chèf yo ak tout majistra yo.
Jere Haitian 51:24  Seyè a di ankò: -Devan je nou tout, m'ap fè lavil Babilòn ansanm ak tout pèp li a peye tout mechanste li te fè lavil Jerizalèm yo.
Jere Haitian 51:25  Babilòn, ou tankou yon gwo mòn kote moun k'ap ravaje tout latè a soti. Koulye a, mwen pral regle avè ou. Mwen pral mete men sou ou. M'ap fè ou degrengole desann soti nan tèt wòch yo. M'ap fè mòn lan tounen yon gwo boukan dife.
Jere Haitian 51:26  Yo p'ap pran yon wòch nan ou ni pou fè fondasyon, ni pou fè kwen kay. Ou pral tounen yon dezè pou tout tan. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jere Haitian 51:27  Bay siyal nan tout peyi a pou yo atake. Kònen twonpèt nan tout nasyon yo. Pare tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak Babilòn. Voye rele wa peyi Arara a, wa peyi Mini an, wa peyi Achkenaz la pou y' al atake l'. Chwazi chèf pou mennen batay la. Fè yo mennen anpil chwal ban nou pou yo menm kantite ak yon bann krikèt.
Jere Haitian 51:28  Pare tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak Babilòn. Voye chache wa yo k'ap gouvènen nan peyi Medi a, ansanm ak tout prefè yo, tout majistra yo, tout lame nan peyi ki sou kontwol yo.
Jere Haitian 51:29  Tout latè ap tranble, l'ap souke, paske lè plan travay Seyè a rive pou l' fèt. Li pral fè Babilòn tounen yon dezè kote p'ap gen pesonn ankò.
Jere Haitian 51:30  Sòlda lavil Babilòn yo derefize goumen. Yo rete kache nan fò yo. Yo pèdi tout kouraj yo, yo tankou fanm. Lènmi defonse pòtay lavil yo, yo mete dife nan kay yo.
Jere Haitian 51:31  Mesaje sou mesaje ap kouri brid sou kou al di wa Babilòn lan lènmi anvayi lavil li a nèt.
Jere Haitian 51:32  Yo bloke tout chemen yo, yo mete dife nan tout avanpòs yo, sòlda yo gaye.
Jere Haitian 51:33  Wi, men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Lavil Babilòn tankou yon glasi y'ap pare. Talè konsa yo pral kouche sòlda yo tankou grenn danre sou glasi.
Jere Haitian 51:34  Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te devore lavil Jerizalèm, li manje l' nèt ale. Li kite peyi a vid tankou yon plat yo niche. Tankou yon gwo bèt lanmè, li vale m'. Li souse tout mwèl mwen. Lèfini, li voye rès la jete.
Jere Haitian 51:35  Moun ki rete sou mòn Siyon yo di: Se pou lavil Babilòn peye tout lapenn ak mechanste li fè nou. Moun lavil Jerizalèm yo te mèt di: Se pou moun peyi Kalde yo peye pou tout san nou yo fè koule a.
Jere Haitian 51:36  Se konsa Seyè a pale ak moun Jerizalèm yo, li di yo: Se mwen menm k'ap pran kòz nou nan men. Mwen pran sou kont mwen pou m' fè yo peye sa yo fè nou. M'ap fè sous dlo lavil Babilòn yo cheche. P'ap gen yon tak dlo nan rivyè l' yo.
Jere Haitian 51:37  Lavil Babilòn ap tounen yon pil mazi kote bèt nan bwa rete, yon dezè kote pesonn pa rete. Tout moun k'ap wè sa pral sezi, y'a mete men nan tèt.
Jere Haitian 51:38  Moun Babilòn yo ap gwonde tankou lyon, y'ap griyen dan yo tankou jenn lyon.
Jere Haitian 51:39  Lè y'a fin chofe kont yo, mwen menm m'ap pare yon fèt pou yo. M'ap fè yo sou, m'ap fè kè yo kontan. Lèfini, yo pral dòmi yon dòmi ki p'ap janm fini, yo p'ap janm leve ankò.
Jere Haitian 51:40  M'ap fè mennen yo labatwa tankou yo mennen mouton, belye mouton ak bouk kabrit yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jere Haitian 51:41  Seyè a di konsa: -Gade! Yo pran lavil Babilòn. Yo mete men sou li, lavil ki te yon lwanj nan bouch tout moun lan. Yo fè l' tounen yon dezè nan mitan nasyon yo.
Jere Haitian 51:42  Lanmè moute anvayi lavil Babilòn. Lanm lanmè yo move, yo kouvri lavil la.
Jere Haitian 51:43  Tout ti bouk li yo tounen yon dezè tou, san pa gen yon gout dlo ladan yo. Se raje toupatou. Pa gen pesonn ladan yo ankò. Pesonn pa pase la non plis.
Jere Haitian 51:44  M'ap regle Bèl, bondye Babilòn lan, m'ap fè l' rann tou sa li te vale a. Nasyon yo p'ap kouri vin nan pye l' ankò. Miray lavil Babilòn yo tonbe.
Jere Haitian 51:45  Nou menm moun pèp Izrayèl yo, kouri wete kò nou la! Chape kò nou pou nou pa pase tou, paske Seyè a move anpil sou lavil Babilòn.
Jere Haitian 51:46  Pa dekouraje. Pa kite bri k'ap kouri nan peyi a fè nou pè. Chak lanne yo fè kouri yon kalite bri. Yon lè yo di se mechanste k'ap fèt nan peyi a, yon lòt lè yo di se chèf k'ap goumen ak chèf pou pran pouvwa a.
Jere Haitian 51:47  Men jou yo rive pou m' regle ak vye zidòl Babilòn yo. Tout peyi a pral wont. Yo pral touye dènye moun ladan l'.
Jere Haitian 51:48  Tout bagay nan syèl la ak sou latè a pral kontan, yo pral rele lè moun k'ap soti bò nan nò yo va vin ravaje lavil Babilòn. Se Seyè a menm ki di sa.
Jere Haitian 51:49  Babilòn te lakòz anpil moun mouri toupatou sou latè. Koulye a se Babilòn ki pral tonbe, paske li te touye anpil moun nan pèp Izrayèl la.
Jere Haitian 51:50  Seyè a pale ak moun pèp Izrayèl yo ki lavil Babilòn. Li di yo konsa: -Nou menm ki te chape anba lanmò, ale, pa rete! Nou te mèt byen lwen lakay nou, mete lide nou sou mwen, chonje lavil Jerizalèm!
Jere Haitian 51:51  Nou di: nou te wont lè nou tande jan yo t'ap joure nou. Lawont fè nou bouche figi nou, paske moun lòt nasyon yo te mete pye yo nan kote ki apa nèt pou Seyè a nan tanp lan.
Jere Haitian 51:52  Enben, men sa Seyè a di ankò: Lè a rive, mwen pral regle avèk zidòl lavil Babilòn yo. Nan tout peyi a moun blese yo pral plenn.
Jere Haitian 51:53  Menm si Babilòn ta rive moute nan syèl pou l' ta bati yon gwo fò moun pa ka rive pran, moun m'ap voye dèyè l' yo ap jwenn li, y'ap kraze l'. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jere Haitian 51:54  Seyè a di ankò: -Yon sèl rèl pete lavil Babilòn. Bri kouri yon gwo malè tonbe sou tout peyi a.
Jere Haitian 51:55  Se mwen menm Seyè a k'ap detwi lavil Babilòn. Mwen fè l' pe bouch li. Menm si lavil Babilòn t'ap fè bri tankou lanmè lè li move, m'ap fè l' sispann rele.
Jere Haitian 51:56  Wi, lènmi ap vin detwi lavil Babilòn. Y'ap mete men sou sòlda li yo. L'ap kraze tout banza yo. Mwen menm, Seyè a, mwen se yon Bondye k'ap pini moun ki fè sa ki mal. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.
Jere Haitian 51:57  M'ap soule chèf li yo, moun save ak majistra li yo, chèf lame ak sòlda li yo. Yo pral dòmi nèt ale, yo p'ap janm leve. Se mwen menm wa a ki pale, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a.
Jere Haitian 51:58  Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Yo kraze gwo miray lavil Babilòn lan ratè. Yo boule gwo pòtay byen wo li yo. Pèp yo te travay pou gremesi. Tou sa yo te bat kò yo fè a tounen sann dife.
Jere Haitian 51:59  Sedesyas, wa peyi Jida a, te gen yon chèf yo te rele Seraja ki te reskonsab kay wa a. Se te pitit Nerija, pitit pitit Maseja. Wa a te gen katran depi li t'ap gouvènen peyi a lè li pati pou Babilòn ansanm ak Seraja. Men lòd pwofèt Jeremi te bay Seraja.
Jere Haitian 51:60  Jeremi te ekri nan yon liv tout malè ki gen pou tonbe sou lavil Babilòn ansanm ak tout lòt bagay li te di sou lavil la.
Jere Haitian 51:61  Jeremi di Seraja konsa: -Lè w'a rive lavil Babilòn, pa bliye se pou ou li tou sa ki ekri nan liv la.
Jere Haitian 51:62  Apre sa w'a di: Seyè! Ou te di ou gen pou detwi peyi sa a pou pa gen yon sèl moun ni yon sèl bèt rete ladan l' ankò. Ou te di peyi a gen pou tounen yon dezè pou tout tan!
Jere Haitian 51:63  Lè w'a fin li liv sa a, w'a mare l' sou yon wòch, w'a voye l' jete nan mitan larivyè Lefrat.
Jere Haitian 51:64  Apre sa, w'a di: Se konsa lavil Babilòn lan pral koule, li p'ap janm ka leve ankò apre malè mwen menm Seyè a, mwen pral voye sou li a. Se isit la pawòl pwofèt Jeremi yo fini.