Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 104
Psal Haitian 104:1  Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba!
Psal Haitian 104:2  Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete.
Psal Haitian 104:3  Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale.
Psal Haitian 104:4  Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou.
Psal Haitian 104:5  Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'.
Psal Haitian 104:6  Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo.
Psal Haitian 104:7  Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loraj ou gwonde, yo met deyò.
Psal Haitian 104:8  Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y' al pran plas ou te pare pou yo.
Psal Haitian 104:9  Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò.
Psal Haitian 104:10  Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo.
Psal Haitian 104:11  Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo.
Psal Haitian 104:12  Zwezo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y'ap chante byen fò nan tout branch yo.
Psal Haitian 104:13  Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou.
Psal Haitian 104:14  Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje,
Psal Haitian 104:15  pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs.
Psal Haitian 104:16  Pyebwa Seyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen.
Psal Haitian 104:17  Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo.
Psal Haitian 104:18  Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo.
Psal Haitian 104:19  Ou te fè lalin pou l' make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l' kouche.
Psal Haitian 104:20  Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò.
Psal Haitian 104:21  Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje.
Psal Haitian 104:22  Lè solèy leve, yo wete kò yo, y' al kouche nan twou yo.
Psal Haitian 104:23  Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche.
Psal Haitian 104:24  Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè.
Psal Haitian 104:25  Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti.
Psal Haitian 104:26  Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l'.
Psal Haitian 104:27  Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen.
Psal Haitian 104:28  Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo.
Psal Haitian 104:29  Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a.
Psal Haitian 104:30  Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi.
Psal Haitian 104:31  Se pou bèl pouvwa Seyè a rete jan l' ye a pou tout tan. Se pou Seyè a kontan ak tou sa li fè.
Psal Haitian 104:32  Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen.
Psal Haitian 104:33  M'ap pase tout lavi m' ap chante pou Seyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la.
Psal Haitian 104:34  Mwen ta swete pawòl mwen fè l' plezi, paske se li ki fè kè m' kontan.
Psal Haitian 104:35  Se pou moun k'ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m' di Seyè a mèsi! Lwanj pou Seyè a!