PSALMS
1
2
3
4
5
6
7
8
9
10
11
12
13
14
15
16
17
18
19
20
21
22
23
24
25
26
27
28
29
30
31
32
33
34
35
36
37
38
39
40
41
42
43
44
45
46
47
48
49
50
51
52
53
54
55
56
57
58
59
60
61
62
63
64
65
66
67
68
69
70
71
72
73
74
75
76
77
78
79
80
81
82
83
84
85
86
87
88
89
90
91
92
93
94
95
96
97
98
99
100
101
102
103
104
105
106
107
108
109
110
111
112
113
114
115
116
117
118
119
120
121
122
123
124
125
126
127
128
129
130
131
132
133
134
135
136
137
138
139
140
141
142
143
144
145
146
147
148
149
150
Chapter 68
Psal | Haitian | 68:3 | Menm jan lafimen disparèt nan lè a, se konsa w'ap disparèt yo. Menm jan lasi fonn nan dife, se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye. | |
Psal | Haitian | 68:4 | Men moun ki mache dwat yo ap kontan, y'ap fè fèt devan Bondye. Y'ap kontan anpil anpil. | |
Psal | Haitian | 68:5 | Chante pou Bondye, fè fèt pou li. Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k'ap vini an. Se Seyè ki non li. Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou. | |
Psal | Haitian | 68:6 | Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo. | |
Psal | Haitian | 68:7 | Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l' yo, y'ap rete nan prizon. | |
Psal | Haitian | 68:9 | tè a te pran tranble, lapli te pran tonbe soti nan syèl la devan Bondye. devan Bondye mòn Sinayi a, wi, devan Bondye pèp Izrayèl la. | |
Psal | Haitian | 68:10 | Bondye, ou fè lapli tonbe an kantite sou latè. Ou ba li fòs ankò, paske li te fin pèdi tout grès li. | |
Psal | Haitian | 68:13 | Wa yo kouri, yo kouri ansanm ak tout lame yo. Moun yo te kite pou veye kay separe tout sa lènmi yo kite dèyè. | |
Psal | Haitian | 68:14 | Lè nou rete kouche nan pak mouton yo zèl pijon an klere tankou ajan. Plimaj li jòn tankou lò. | |
Psal | Haitian | 68:15 | Lè Bondye ki gen tout pouvwa a te gaye wa yo nan peyi a, li te fè lanèj kouvri mòn Salmon. | |
Psal | Haitian | 68:17 | Poukisa, ou menm mòn ki gen anpil tèt la, w'ap fè jalouzi pou mòn Bondye chwazi pou fè kay pou l' rete a? Se la Seyè a ap rete pou tout tan. | |
Psal | Haitian | 68:18 | Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a. | |
Psal | Haitian | 68:19 | Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo. | |
Psal | Haitian | 68:20 | Ann fè lwanj Seyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou. | |
Psal | Haitian | 68:21 | Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Seyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a. | |
Psal | Haitian | 68:22 | Bondye gen pou l' kraze tèt lènmi li yo. Wi, li gen pou l' kraze zo bwa tèt moun k'ap viv nan peche. | |
Psal | Haitian | 68:23 | Seyè di: -M'ap fè lènmi yo tounen soti nan peyi Bazan. M'ap fè yo tounen soti nan fon lanmè a. | |
Psal | Haitian | 68:25 | Bondye, tout moun wè jan y'ap fè fèt pou ou. Yo wè ki jan Bondye mwen an, wa mwen an, ap mache antre kote ki apa pou li a. | |
Psal | Haitian | 68:26 | Moun k'ap chante ap mache devan, mizisyen yo dèyè. Jenn fi yo nan mitan, y'ap bat tanbouren. | |
Psal | Haitian | 68:27 | Fè lwanj Bondye nan mitan pèp la lè l' reyini. Fè lwanj li, nou tout pitit pitit Izrayèl yo! | |
Psal | Haitian | 68:28 | Benjamen, ki pi piti a, vin alatèt yo. Apre li, vini chèf peyi Jida yo ak lame yo. Apre yo, vini chèf peyi Zabilon ak chèf peyi Neftali yo. | |
Psal | Haitian | 68:31 | Fè bèt ki rete anba wozo yo pè, fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou, jouk y'a vin soumèt devan ou, jouk y'a vin ofri ajan ba ou. Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri! | |
Psal | Haitian | 68:32 | Grannèg ap soti nan peyi Lejip, moun peyi Letiopi ap louvri bra yo pou lapriyè Bondye. | |
Psal | Haitian | 68:34 | pou Bondye k'ap kouri chwal li nan syèl la, nan syèl ki la depi lontan lontan an. Tande jan l'ap rele, jan l'ap rele byen fò. | |