Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
JOSHUA
Prev Up Next
Chapter 15
Josh Haitian 15:1  Lè yo te tire osò a, men pòsyon tè ki vin pou moun branch fanmi Jida yo. Se tè sa a yo te separe bay chak fanmi nan branch lan pòsyon pa yo. Tè a bonè nan sid ak peyi Edon an, depi dezè Zin lan rive Kadès nan direksyon sid.
Josh Haitian 15:2  Fwontyè tè a konmanse nan pwent sid lanmè Sale a,
Josh Haitian 15:3  li pase anba pas Akrabim lan, li travèse dezè Zin, li moute pou l' pase anba Kadès Banea, li pase Ezwon, li moute Ada, li vire sou Kareka,
Josh Haitian 15:4  li pase Azmon, li kouri nan ravin ki sou fwontyè Lejip la jouk li rive sou lanmè a. Men limit sid tè moun Jida yo.
Josh Haitian 15:5  Sou bò solèy leve, lanmè Sale a te sèvi yo fwontyè rive nan lanbouchi larivyè Jouden an. Se la fwontyè nò a te konmanse.
Josh Haitian 15:6  Li moute Bèt-Ogla, li pase anwo Bèt araba, li rive jouk Wòch Boan. Boan, se non yonn nan pitit gason Woubenn yo.
Josh Haitian 15:7  Apre sa, li pase nan fon Akò, li moute jouk Debi. Li vire sou bò nò nan direksyon Gilgal, anfas pas Adoumen ki sou bò sid ravin lan. Li pase moute bò sous Anchemèch, l' al bout sou Anwogèl.
Josh Haitian 15:8  Apre sa, li remoute ravin Pitit Ennon an ki nan sid mòn moun Jebis yo, ki vle di Jerizalèm, li moute sou tèt mòn ki anfas ravin Ennon an, sou bò solèy kouche, nan pwent nò plenn refayim yo.
Josh Haitian 15:9  Li soti nan tèt mòn lan, li desann bò sous Neftoa a. Apre sa li pran direksyon mòn Efwon an, li vire sou lavil Bala (ki rele Kiriyat-Jearim tou).
Josh Haitian 15:10  Li soti Bala, li fè yon ti koub moute nan direksyon solèy kouche, sou mòn Seyi, li lonje flan nò mòn Jearim lan (ki rele Kisalòn tou), li desann Bètchemèch, li travèse Timna,
Josh Haitian 15:11  li rive sou bò nò mòn Ekwon, li vire sou Chikawon, li pase sou ti bit Bala a, li pase Jabneyèl, epi l' al bout nan lanmè.
Josh Haitian 15:12  Sou bò lwès la, se lanmè Mediterane a ki te sèvi yo limit. Men limit ki te fèmen pòsyon tè yo te bay tout fanmi ki nan branch fanmi Jida a.
Josh Haitian 15:13  Jan Seyè a te bay Jozye lòd la, yon pòsyon nan tè moun Jida yo vin pou Kalèb, pitit gason Jefoune a. Jozye ba li Kiriyat aba, kapital peyi Anak yo. (Koulye a yo rele lavil la Ebwon).
Josh Haitian 15:14  Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la. Se te Chechayi, Ayiman ak Talmayi,
Josh Haitian 15:15  Apre sa, li kite Ebwon, l' al atake moun lavil Debi yo. (Nan tan lontan, yo te rele lavil sa a Kiriyat-Sefè).
Josh Haitian 15:16  Lè sa a, Kalèb di konsa: -Moun ki va resi kraze moun Kiriyat-Sefè yo, epi ki va pran lavil la nan men yo, m'a ba li Aksa, pitit fi mwen an, pou madanm.
Josh Haitian 15:17  Se pwòp frè Kalèb, Otonyèl, pitit Kenaz, ki te pran lavil la. Kalèb ba li Aksa, pitit fi li a, pou madanm.
Josh Haitian 15:18  Lè Aksa rive lakay mari l', mari a di l' poukisa li pa mande papa l' yon bon jaden. Aksa al jwenn papa l'. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l': -Sa ki genyen, pitit mwen?
Josh Haitian 15:19  Aksa reponn: -Mwen vin mande ou yon favè. Ou voye m' byen lwen nan dezè Negèv la. Tanpri, ban m' kek sous kote pou m' jwenn dlo non. Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba yo.
Josh Haitian 15:20  Men tout tè ki te vini pou branch fanmi Jida a. Yo separe l' bay yon pòsyon pou chak fanmi.
Josh Haitian 15:21  Men non lavil kote moun Jida yo te rete nan Negèv la, anba pwent sid peyi a, bò fwontyè peyi Edon an: Kabseyèl, Edè, Jagou,
Josh Haitian 15:32  Lebaòt, Chilim, Ayin ak Rimon. Sa te fè antou vennèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Josh Haitian 15:33  Men non lavil kote yo te rete nan plenn yo: Echtawòl, Zorea, Akna,
Josh Haitian 15:36  Charayim, Aditayim, Gedera ak Gedewotayim. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Josh Haitian 15:41  Jedewòt, Bèt-Dagon, Nama, Makeda. Sa te fè antou sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Josh Haitian 15:44  Keyila, Akzib, Marecha. Sa te fè antou nèf lavil ansanm ak tout ti bouk ki sou lòd yo
Josh Haitian 15:46  Soti Ekwon pou al bò lanmè, tout lavil ki nan zòn Asdòd ak tout ti bouk ki sou lòd yo,
Josh Haitian 15:47  Asdòd ak tout ti vil ak tout ti bouk ki sou lòd li, Gaza ak tout ti bouk osinon ti vil ki sou lòd li, depi ravin ki sou fwontyè Lejip la rive sou lanmè ki sèvi yo limit la.
Josh Haitian 15:48  Men lavil yo te genyen nan mòn yo: Chami, Jati, Soko,
Josh Haitian 15:51  Gochenn, Alon, Gilo. Sa te fè antou onz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Josh Haitian 15:54  Oumeta, Kiriyat aba (Jòdi a li rele Ebwon), ak Ziò. Sa te fè antou nèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Josh Haitian 15:57  Kayin, Gibeya, Tima, Antou sa te fè dis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Josh Haitian 15:59  Maarat, Bèt anòt, Eltekon. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Josh Haitian 15:60  Te gen ankò Kiriyat-Baal (Jòdi a li rele Kiriyat-Jearim) ak Araba. Antou sa te fè de lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Josh Haitian 15:61  Men non lavil kote yo te rete nan dezè a: Bèt araba, Miden, Sekaka,
Josh Haitian 15:62  Nibkan, Site Sèl la ak Angedi. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Josh Haitian 15:63  Men, moun Jida yo pa t' janm rive mete bann moun Jebis ki te rete lavil Jerizalèm yo deyò. Kifè, jouk jòdi a moun Jebis yo rete lavil Jerizalèm ansanm ak moun Jida yo.