Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 37
Psal Haitian 37:1  Se yon sòm David. Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo!
Psal Haitian 37:2  Talè konsa, y'ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon.
Psal Haitian 37:3  Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!
Psal Haitian 37:4  Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.
Psal Haitian 37:5  Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.
Psal Haitian 37:6  L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.
Psal Haitian 37:7  Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
Psal Haitian 37:8  Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.
Psal Haitian 37:9  Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.
Psal Haitian 37:10  Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo.
Psal Haitian 37:11  Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa pèyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale.
Psal Haitian 37:12  Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo.
Psal Haitian 37:13  Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan.
Psal Haitian 37:14  Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo.
Psal Haitian 37:15  Men, se yo menm menm koulin yo pral rache. Banza yo menm ap kase nan men yo.
Psal Haitian 37:16  Pito ou pa gen anpil byen, men ou mache dwat, pase pou ou gen anpil richès nan fè sa ki mal.
Psal Haitian 37:17  Paske, Bondye ap kraze kouraj mechan yo, men l'ap soutni moun ki mache dwat yo.
Psal Haitian 37:18  Seyè a konnen jan moun ki fè volonte l' yo ap viv. Eritaj yo la pou tout tan.
Psal Haitian 37:19  Yo p'ap wont lè bagay gate, y'ap jwenn tou sa yo bezwen lè grangou tonbe sou peyi a.
Psal Haitian 37:20  Men mechan yo ap peri. Moun ki pa vle wè Seyè a ap fennen tankou flè savann. Y'ap disparèt tankou lafimen.
Psal Haitian 37:21  Mechan an prete, li pa nan renmèt. Men, moun ki mache dwat yo gen kè sansib, yo fè kado.
Psal Haitian 37:22  Moun Seyè a beni va pran peyi a pou yo. Men, moun ki anba madichon Bondye gen pou disparèt sou tè a.
Psal Haitian 37:23  Seyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat.
Psal Haitian 37:24  Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Seyè a ap ba yo men.
Psal Haitian 37:25  Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.
Psal Haitian 37:26  Okontrè, moun ki mache dwat l'a toujou gen kè sansib pou l' bay, pou li prete moun tou. Tout pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou lòt moun.
Psal Haitian 37:27  Pa fè mal, fè sa ki byen. W'a toujou gen yon kote nan peyi a pou ou rete.
Psal Haitian 37:28  Paske, Seyè a renmen moun ki mache dwat. Li pa lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li. L'ap toujou pwoteje yo. Men, ras mechan yo gen pou disparèt.
Psal Haitian 37:29  Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo. Y'ap rete nan peyi a tout tan tout tan.
Psal Haitian 37:30  Moun ki mache dwat devan Bondye bay bon konsèy. Se bon pawòl ase ki soti nan bouch li.
Psal Haitian 37:31  Li kenbe lalwa Bondye a fèm nan kè li, li p'ap janm bite.
Psal Haitian 37:32  Mechan an ap veye tout vire tounen moun k'ap mache dwat, l'ap chache jan pou l' touye l'.
Psal Haitian 37:33  Men, Seyè a p'ap lage l' nan men mechan an, li p'ap kite yo kondannen l' lè y'ap jije l'.
Psal Haitian 37:34  Mete konfyans ou nan Seyè a, fè tou sa l' mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè.
Psal Haitian 37:35  Mwen te wè yon mechan ki te fè tout moun pè li, li te kanpe tankou yon gwo pye mapou.
Psal Haitian 37:36  Apre sa, mwen tounen vin pase kote l' te ye a, li pa t' la. Mwen chache l', mwen pa janm wè l' ankò.
Psal Haitian 37:37  Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l'. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit.
Psal Haitian 37:38  Men, moun k'ap fè mal yo, y'ap rete konsa y'ap disparèt. Tout pitit ak pitit pitit yo ap disparèt tou.
Psal Haitian 37:39  Se Seyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray.
Psal Haitian 37:40  L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y' al chache pwoteksyon.