Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
NEHEMIAH
1 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13
Prev Up Next
Chapter 7
Nehe Haitian 7:1  Lè nou te fin rebati miray la, nou moute gwo batan pòtay yo. Nou bay gad tanp yo, moun k'ap chante yo ak moun Levi yo travay yo gen pou yo fè.
Nehe Haitian 7:2  Mwen mete de moun reskonsab pou gouvènen lavil Jerizalèm lan. Se te Anani, frè mwen an, ak Ananya, kòmandan gwo fò a. Ananya sa a te yon nonm serye ki te gen krentif pou Bondye. Pa t' gen tankou l'.
Nehe Haitian 7:3  Mwen di yo pa kite yo louvri pòtay lavil Jerizalèm yo nan maten toutotan solèy la pa konmanse cho. Konsa tou, aswè se devan yo pou yo fè fèmen batan pòtay yo epi pou yo mete ba yo dèyè pòtay yo anvan gad yo leve pòs le solèy pral kouche. Y'a chwazi kèk moun nan moun ki rete lavil Jerizalèm yo, yon seri pou fè pòs sou miray la, yon lòt pou fè patwouy bò lakay yo.
Nehe Haitian 7:4  Lavil la te gran anpil, te gen anpil espas, men pa t' gen anpil moun ki t'ap viv ladan l'. Yo pa t' ankò rebati anpil kay.
Nehe Haitian 7:5  Bondye mete nan tèt mwen lide pou m' sanble tout pèp la ak chèf yo, majistra yo, pou m' fè yon resansman, fanmi pa fanmi. N' al tonbe sou ansyen rejis resansman premye moun ki te tounen nan peyi a. Nan rejis sa a m' te jwenn
Nehe Haitian 7:6  lis moun ki te kite pwovens Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo te moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.
Nehe Haitian 7:7  Men non chèf ki te vin ak yo: Zowobabèl, Jozye, Neemi, Azarya, Ramiya, Nachamani, Madoche, Bilchan, Misperèt, Bigwayi, Nawoum ak Bana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak branch fanmi:
Nehe Haitian 7:8  Nan fanmi Pareòch yo, demil sanswasanndouz (2.172) moun,
Nehe Haitian 7:9  nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz (372) moun,
Nehe Haitian 7:11  nan fanmi Pakat Moab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demil wisandiswit (2.818) moun,
Nehe Haitian 7:12  nan fanmi Elam yo, mil desansenkannkat (1254) moun,
Nehe Haitian 7:13  nan fanmi Zatou yo, witsankarannsenk (845) moun,
Nehe Haitian 7:15  nan fanmi Bennwi yo, sisankaranntwit (648) moun,
Nehe Haitian 7:17  nan fanmi Azgad yo, demil twasanvennde (2.322) moun,
Nehe Haitian 7:18  nan fanmi Adonikan yo, sisanswasannsèt (667) moun,
Nehe Haitian 7:19  nan fanmi Bigwayi yo, demil swasannsèt (2.067) moun,
Nehe Haitian 7:21  nan fanmi Atè yo, katrevendizwit moun, (Anvan sa, Atè te rele Ezekyas)
Nehe Haitian 7:26  Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm ak pou lavil Netofa, sankatreventwit (188) moun,
Nehe Haitian 7:29  pou lavil Kiriyat-Jearim, lavil Kefira ak lavil Bewòt, sètsankaranntwa (743) moun,
Nehe Haitian 7:30  pou lavil Rama ak pou lavil Geba, sisanventeyen (621) moun,
Nehe Haitian 7:32  pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, sanvenntwa (123) moun,
Nehe Haitian 7:34  pou lòt lavil Elam lan, mil desansenkannkat (1.254) moun,
Nehe Haitian 7:36  pou lavil Jeriko yo, twasankarannsenk (345) moun,
Nehe Haitian 7:37  pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak Ono, sètsanventeyen (721) moun,
Nehe Haitian 7:38  pou lavil Sena, twamil nèfsantrant (3.930) moun.
Nehe Haitian 7:39  Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja ki te soti nan branch fanmi Jozye a, nèfsanswasanntrèz (973) moun,
Nehe Haitian 7:41  nan pitit Pachou yo, mil desankarannsèt (1.247) moun,
Nehe Haitian 7:43  Men lis moun Levi ki te tounen yo: Te gen swasannkatòz moun nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl ki soti nan branch fanmi Odva a.
Nehe Haitian 7:44  Te gen sankarantwit (148) sanba, moun ki konn chante ak moun ki konn fè mizik nan tanp lan, epi ki soti nan branch fanmi Asaf la.
Nehe Haitian 7:45  Te gen santranntwit (138) moun ki pou sèvi gad nan pòtay tanp lan epi ki soti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi.
Nehe Haitian 7:46  Men lis moun yo te bay pou travay nan tanp Bondye a, epi ki te tounen nan peyi a. Se moun fanmi Zika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,
Nehe Haitian 7:47  moun fanmi Kewòs, moun fanmi Sya ak moun fanmi Padon,
Nehe Haitian 7:48  moun fanmi Lebana, moun fanmi Agaba ak moun fanmi Samayi,
Nehe Haitian 7:49  moun fanmi Anan, moun fanmi Gidèl ak moun fanmi Gaka,
Nehe Haitian 7:50  moun fanmi Reaja, moun fanmi Rezin ak moun fanmi Nekoda,
Nehe Haitian 7:51  moun fanmi Gazam, moun fanmi Ouza ak moun fanmi Paseyak,
Nehe Haitian 7:52  moun fanmi Besayi, moun fanmi Meounim ak moun fanmi Nefichim,
Nehe Haitian 7:53  moun fanmi Bakbouk, moun fanmi Akoufa ak moun fanmi Awou,
Nehe Haitian 7:54  moun fanmi Baslou, moun fanmi Mechida ak moun fanmi Acha,
Nehe Haitian 7:55  moun fanmi Bakòs, moun fanmi Sisera ak moun fanmi Tamak,
Nehe Haitian 7:57  Men lis non moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: Moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Perida,
Nehe Haitian 7:58  moun fanmi Jaala, moun fanmi Dakon ak moun fanmi Gidèl,
Nehe Haitian 7:59  moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt, moun fanmi Azebayim ak moun fanmi Amon.
Nehe Haitian 7:60  Konsa, men kantite moun ki soti nan fanmi travayè tanp lan ak domestik Salomon yo: antou twasankatrevendouz (392).
Nehe Haitian 7:61  Men te gen yon seri moun ki soti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, ak lavil Imè nan peyi Babilòn epi ki te moute ak tout moun sa yo, atout yo pa t' ka rive fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou yo te ka fè wè yo fè pati pèp Izrayèl la vre.
Nehe Haitian 7:62  Se te pitit Delaja, Tobija ak Nekoda: antou sisankarannde (642).
Nehe Haitian 7:63  Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Obaja, Akòs ak Bazilayi. Zansèt moun Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo.
Nehe Haitian 7:64  Moun sa yo pa t' ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo. Konsa yo pa t' asepte yo pou prèt.
Nehe Haitian 7:65  Gouvènè jwif la te di yo yo pa t' kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pa t' gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye di nan sa.
Nehe Haitian 7:66  Antou nèt, te gen karanndemil twasanswasant (42.360) moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a.
Nehe Haitian 7:67  Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (7.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (200) gason ak fanm ki te konn fè mizik ak konn chante.
Nehe Haitian 7:68  Te gen sètsanswasannsis (766) chwal, desankarannsenk (245) milèt,
Nehe Haitian 7:69  katsantrannsenk (435) chamo ak simil sètsanven (6.720) bourik.
Nehe Haitian 7:70  Te gen kèk chèf ki te fè ofrann pa yo pou travay la san pesonn pa fòse yo. Gouvènè a te bay pou mete nan kès la desanswasanndis (270) ons lò, senkant gwo plat pou sèvis, senksantrant (530) rad pou prèt yo mete sou yo ak onzmil sisankatreventrèz (11.693) ons ajan.
Nehe Haitian 7:71  Chèf fanmi yo te bay pou mete nan kès la pou fè travay la: senkmil katsan (5.400) ons lò ak senkanteyenmil katsansenkant (51.450) ons ajan.
Nehe Haitian 7:72  Rès moun pèp la te fè anpil kado tou. Antou, yo te bay senkmil katsan (5.400) ons lò, karannsimil sètsanswasanndis (46.770) ons ajan ak swasannsèt rad pou prèt yo.
Nehe Haitian 7:73  Prèt yo, moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen yo ak anpil nan moun pèp Izrayèl yo ansanm ak travayè tanp yo, wi tout pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.