Site uses cookies to provide basic functionality.

OK
PSALMS
Prev Up Next
Chapter 89
Psal Haitian 89:2  Seyè, mwen p'ap janm sispann chante pou fè konnen jan ou renmen nou. Se tout tan m'a fè konnen jan ou se moun ki kenbe pawòl ou.
Psal Haitian 89:3  Ou di konsa: -Pa gen anyen ki pou fè ou sispann renmen nou. Menm jan syèl la ap toujou la, se konsa tou w'ap toujou kenbe pawòl ou.
Psal Haitian 89:4  Ou di konsa: -Mwen pase yon kontra avèk moun mwen te chwazi a. Men sa mwen te pwomèt David, sèvitè mwen an:
Psal Haitian 89:5  W'ap toujou gen yon wa nan pitit pitit ou yo. M'ap fè gouvènman ou lan kanpe fèm pou tout tan.
Psal Haitian 89:6  Seyè, moun ki nan syèl yo ap chante pou bèl mèvèy ou fè yo. Y'ap chante nan mitan moun k'ap viv pou ou yo, pou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
Psal Haitian 89:7  Seyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou!
Psal Haitian 89:8  Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.
Psal Haitian 89:9  Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! Ou kenbe pawòl ou nan tout sikonstans, Seyè!
Psal Haitian 89:10  Ou dominen sou gwo lanmè yo. Lè yo move, ou fè yo ret dousman.
Psal Haitian 89:11  Ou kraze moun peyi Lejip yo, ou fè yo tounen kadav. Avèk fòs ponyèt ou, ou gaye lènmi ou yo.
Psal Haitian 89:12  Syèl la se pou ou ansanm ak latè a. Se ou ki kreye lemonn antye ak tou sa ki ladan l'.
Psal Haitian 89:13  Se ou ki kreye nò ak sid. Mòn Tabò ak mòn Emon ap chante pou ou sitèlman yo kontan.
Psal Haitian 89:14  Ou pa manke fòs nan ponyèt ou! Ou p'ap bese tèt devan pesonn.
Psal Haitian 89:15  W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo.
Psal Haitian 89:16  Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l'ap viv yon jan ki fè ou plezi!
Psal Haitian 89:17  Tout lajounen y'ap fè fèt pou ou. Y'ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè.
Psal Haitian 89:18  Se ou menm ki fè nou pa pè pesonn. Se paske ou renmen nou kifè nou genyen batay yo.
Psal Haitian 89:19  Paske, Seyè a se pwoteksyon nou, se ou menm, Bondye Izrayèl la, ki wa nou.
Psal Haitian 89:20  Nan tan lontan, moun k'ap sèvi ou yo te wè ou nan yon vizyon. Ou te pale ak yo, ou te di yo: -Mwen te bay yon vanyan gason yon koudmen. Mwen te pran yon jenn gason nan pèp la, mwen mete l' chèf.
Psal Haitian 89:21  Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l' apa pou l' vin wa sou nou.
Psal Haitian 89:22  M'ap toujou soutni l' avèk fòs mwen. M'a fòtifye l' avèk pouvwa mwen.
Psal Haitian 89:23  Lènmi l' yo p'ap ka mete men sou li, mechan yo p'ap ka mete pye sou kou li.
Psal Haitian 89:24  M'ap kraze tout moun ki pa vle wè l' yo, m'ap touye moun ki rayi l' yo.
Psal Haitian 89:25  M'ap toujou renmen l', m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak li, mwen p'ap janm kite l' pèdi okenn batay.
Psal Haitian 89:26  M'ap fè l' gouvènen depi lanmè Mediterane jouk larivyè Lefrat.
Psal Haitian 89:27  L'a rele m', l'a di m': Se ou ki papa m', se ou menm ki Bondye m'. Se ou ki pwoteksyon m', se ou menm ki delivrans mwen.
Psal Haitian 89:28  Mwen menm, m'ap fè l' pase pou premye pitit gason mwen. Se li k'ap pi gran nan tout wa sou latè.
Psal Haitian 89:29  M'a toujou fè l' wè jan m' renmen l', m'ap toujou kenbe kontra mwen te fè ak li a.
Psal Haitian 89:30  M'ap toujou chwazi yonn nan pitit pitit li yo pou wa. Gouvènman li a ap rete tout tan tout tan.
Psal Haitian 89:31  Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo,
Psal Haitian 89:32  si yo pa swiv prensip mwen ba yo, si yo pa fè tout sa mwen mande yo fè,
Psal Haitian 89:33  m'ap pini yo pou peche yo fè, m'ap bat yo. M'ap ba yo kout fwèt pou tout sa yo fè ki mal.
Psal Haitian 89:34  Men, se pa sa k'ap fè m' sispann renmen David, ni k'ap fè m' pa kenbe pwomès mwen te fè l' la.
Psal Haitian 89:35  Non. Mwen p'ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p'ap janm manke l' pawòl.
Psal Haitian 89:36  Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti.
Psal Haitian 89:37  Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la.
Psal Haitian 89:38  Gouvènman li an ap la pou tout tan, tankou lalin ki toujou klere nan syèl la.
Psal Haitian 89:39  Men, malgre sa, ou fache sou wa ou te chwazi a, ou vire do ba li, ou voye l' jete.
Psal Haitian 89:40  Ou pa menm okipe kontra ou te fè avèk sèvitè ou la. Ou pran kouwòn ki te sou tèt li a, ou voye l' jete nan labou.
Psal Haitian 89:41  Ou kraze tout miray li yo, ou lage yo atè. Ou kite tout fò li yo fin kraze nèt.
Psal Haitian 89:42  Tout moun k'ap pase nan lari ap piye kay li, tout vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib.
Psal Haitian 89:43  Ou kite lènmi l' yo kraze l' anba pye yo. Ou fè yo tout kontan.
Psal Haitian 89:44  Ou kase dan tout zam li yo, ou kite yo kraze l' nan lagè.
Psal Haitian 89:45  Ou te wete baton kòmandman an nan men l', ou pran fotèy li a, ou jete l' atè.
Psal Haitian 89:46  Ou fè l' vin vye anvan lè li, ou fè l' wont nèt.
Psal Haitian 89:47  Seyè, jouk kilè w'ap rete kache pou nou pa wè ou? Gen lè se pou tout tan! W'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?
Psal Haitian 89:48  Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè.
Psal Haitian 89:49  Eske gen moun ki ka viv san l' pa janm mouri? Kisa yon moun ka fè pou l' pa janm al anba tè?
Psal Haitian 89:50  Seyè, kote sa ou te fè nan tan lontan pou fè nou wè jan ou renmen nou an? Kote tout bèl pwomès ou te fè David yo?
Psal Haitian 89:51  Seyè, pa bliye jan y'ap pase sèvitè ou yo nan betiz! Pa bliye jan moun lòt nasyon yo ap joure mwen!
Psal Haitian 89:52  Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap joure, jan y'ap joure wa ou te chwazi a kote l' pase. Ann toujou fè lwanj Seyè a! Wi, se vre! Amèn!